BONDYE SEVI AK YON TIMOUN POU GERI MWEN
YON LE MWEN TE FE YON TI TAN MALAD. CHANM MWEN AN TE ANWO ALETAJ NAN PRESBITE PAWAS SAKRE KE TUJO POTOPRENS. MWEN PAT KITE OKEN VIZITE MONTE BO KOTE M.
YON JOU YON TI GASON KI TE GEN ANVIWON 6 LANE MANDE SEKRETE A POU L WE M. YO DI L MOUN PA MONTE ANWO A. LI ENSISTE. YO DI SI L GEN YON KOMISYON SEKRETE A VA BA LI L. LI DI NON SE LI MENM KI POU FE KOMISYON AN. LI ENSISTE ANKO. BOUT POU BOUT, YO KITE L MONTE ANWO A.
MWEN TE CHITA SOU YON DODEN. EPI MWEN WE YON TI MOUN PARET NAN POT DANTRE AN. M TE SEZI. LI VANSE SOU MWEN. LI TE TOU KOUT. MWEN DI L KILES LI BEZWEN. LI REPON MWEN ;"PE CAMPION". MWEN DI L KILES KI VOYE L, LI REPON MWEN SAN EZITASYON :"BONDYE!". MWEN MANDE L POUKISA LI VINI. LI REPON MWEN LI VINI LAPRIYE POU MWEN.
TOUTSWIT MWEN KONPRAN SE TE YON MESAJE BONDYE. MWEN FEMEN JE M NAN ATITID LAPRIYE. LI PRAN TI MEN L TOU PITI LI FRAPE L SOU FWON M PANDAN TWA FWA PANDAN LAP REPETE :"GERIZON. GERIZON. GERIZON". KOU L LI FEN DI SA, LI KOURI DESAN ESKALYE A, LI PATI.

Comments
Post a Comment